Estè 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.” 1998 Haïtienne Si wa a kontan avè m, si se plezi li pou li ban m sa m vle a, pou li fè sa m'a mande l fè a, mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lòt ti fèt m'ap fè pou li ansanm ak Aman. Lè sa a, m'a di monwa sa m bezwen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si mwen fè wa mwen an plezi, epi si li ta panse se yon bon bagay pou l ban mwen mwen mande l, m ap mande l souple pou l vini demen ankò avèk Aman nan yon lòt festen m ap prepare pou li. Lè sa a, wa mwen an, m ap rakonte ou rekèt mwen an.” |
Anplis, Haman te di: “Menm Esther, rèn nan pa t kite lòt moun sof ke mwen menm vini avèk wa a nan bankè ke li te prepare a; epi demen, ankò, mwen envite pa li menm avèk wa a.
Rèn Esther te reponn: “Si mwen te jwenn favè nan zye ou, O wa, e si se plezi a wa a, ban mwen lavi mwen kon petisyon mwen an, avèk pèp mwen an, se sa ke mwen mande.
Li te di: “Si sa fè wa a plezi, si mwen te twouve favè devan li, wa a twouve koz sa a bon, e sa fè kè l kontan pou wè m, kite li ekri pou anile lèt ki te manevre pa Haman an, fis a Hammedatha a, Agagit la, ke li te ekri pou detwi Jwif ki nan tout pwovens a wa yo.