Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 1:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Anplis, Larenn Vasthi te bay yon bankè pou fanm nan palè ki te pou Wa Assuérus la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Larenn Vachti bò pa l t'ap resevwa medam yo anndan palè wa Asyeris la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nan menm moman an, Rèn Vasti tou te òganize yon festen pou fanm yo ki te nan palè wa Asyeris la.

Gade chapit la Kopi




Estè 1:9
5 Referans Kwoze  

Alò nan règn Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.


Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus,


Jan yo te bwè se te selon lalwa, san fòse moun, paske wa a te pase lòd a chak ofisye a chak kay ke li ta dwe fè sa selon dezi a chak moun.


Esther te di: “Si sa fè wa a plezi, ke wa a avèk Haman kapab vini nan menm jou sa a nan yon bankè ke m gen tan prepare pou li.”


Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite