Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Esdras 9:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Apre tout sa ki te rive sou nou pou zak mechan nou yo ak gran koupabilite nou yo, akoz Ou menm, Bondye nou an, te remèt nou mwens ke linikite nou yo merite, e te ban nou yon retay chape kon sila a,

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre tou sa ki te rive nou, yon jan pou ou te pini nou pou move zak ak tout bagay mal nou te fè yo, nou wè, O Bondye nou, ou pat pini nou jan nou te merite l la. Ou te kite yon ti rès nan nou ap viv toujou, nou menm ki la kounyeya.

Gade chapit la



Esdras 9:13
11 Referans Kwoze  

Èske papa nou yo pa t fè menm bagay la, jiskaske Bondye nou an te fè rive nou avèk tout vil sa a tout twoub sa yo? Sepandan, nou ap ogmante kòlè sou Israël lè nou vin desann jou Saba a konsa.”


Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.


pou montre ou sekrè a sajès! Paske sajès ki bon gen de bò. Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije tout sa inikite ou merite.


Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo, ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.


Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann, paske mizerikòd Li p ap janm manke.


SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.


Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—si vrèman se te anven?