Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Esdras 9:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 konsa, èske nou ap ankò kraze kòmandman Ou yo, e fè maryaj ak pèp ki fè abominasyon sila yo? Èske Ou pa t ap fache avèk nou jis nan pwen pou detwi nou, jis pa menm gen yon retay, ni okenn moun ki chape?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Epi pou kounyeya ankò pou nou pa swiv kòmandman ou yo, pou n'al marye avèk kalite move moun sa yo? Fwa sa a, p'ap gen anyen ki pou anpeche ou fache sou nou jouk pou ou detwi nou nèt, san ou pa kite pèsonn chape!

Gade chapit la Kopi




Esdras 9:14
20 Referans Kwoze  

Menm nan Horeb, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. SENYÈ a te tèlman fache avèk nou ke Li te prèt pou detwi nou.


Paske yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.”


Kite Mwen sèl pou M kapab detwi yo, e efase non yo soti anba syèl la; Mwen va fè a ou menm yon nasyon pi pwisan e pi gran ke yo.’


Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis?


Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”


Konsa, pou nou menm, nou p ap fè okenn akò avèk pèp peyi sila yo. Nou va chire lotèl pa yo.’ Men nou pa t obeyi Mwen. Kisa sa ye ke nou fè la a?


“Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.” Yo te tonbe sou figi yo.


“Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, pou Mwen kapab manje yo koulye a.”


Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”


“‘“Malgre sa, Mwen va kite yon retay, paske nou va genyen sila ki chape anba nepe pami nasyon yo nan lè nou vin gaye pami lòt peyi yo.


O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, nou t ap tankou Sodome, nou t ap sanble ak Gomorrhe.


Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an.


“Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo.


Alò, Esdras, prèt la, te kanpe epi te di yo: “Nou pa t fidèl e nou te marye avèk fanm etranje yo, ki ogmante koupabilite Israël la.


Èske papa nou yo pa t fè menm bagay la, jiskaske Bondye nou an te fè rive nou avèk tout vil sa a tout twoub sa yo? Sepandan, nou ap ogmante kòlè sou Israël lè nou vin desann jou Saba a konsa.”


Èske nou fin bliye mechanste a papa zansèt nou yo, mechanste a wa a Juda yo, mechanste a madanm yo, pwòp mechanste pa nou, mechanste a madanm pa nou yo, ke yo te komèt nan peyi Juda a ak nan ri Jérusalem yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite