Esdras 8:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, prèt yo avèk Levit yo te aksepte ajan avèk lò ki te fin peze yo ak zouti yo pou pote yo Jérusalem lakay Bondye pa nou an. 1998 Haïtienne Se konsa, lè mwen fin peze ajan an, lò a ak veso yo, prèt yo ak moun Levi yo pran yo nan men m, pou pote yo jouk lavil Jerizalèm, nan Tanp Bondye nou an. |
Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.”
Nan katriyèm jou a, ajan an avèk lò a avèk zouti ki te peze pa men a Merémoth la, fis a Urie a, prèt la, e avèk li, te gen Éléazar, fis a Phinées; epi avèk yo, te gen Levit yo, Jozabad, fis a Josué a ak Noadia, fis a Binnui a.
“Glwa a Liban an va rive kote ou, bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan pou anbeli plas sanktyè Mwen an. Mwen va fè plas pye Mwen yo vin plen glwa.