Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 8:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Nan katriyèm jou a, ajan an avèk lò a avèk zouti ki te peze pa men a Merémoth la, fis a Urie a, prèt la, e avèk li, te gen Éléazar, fis a Phinées; epi avèk yo, te gen Levit yo, Jozabad, fis a Josué a ak Noadia, fis a Binnui a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Sou katriyèm jou a, n'al nan Tanp Bondye nou an, yo peze ajan an, lò a ak veso yo, epi yo renmèt yo nan men Meremòt, prèt la, pitit gason Ouri a. Avèk li te gen Eleaza, pitit gason Fineas la, ak de moun Levi: Jozabad, pitit gason Jozye, ak Noadja, pitit gason Bennwi a.

Gade chapit la Kopi




Esdras 8:33
16 Referans Kwoze  

Nan Levit yo, te gen Jozabad, Schimeï, Kélaja, (sa vle di) Kelitha, Pethachja, Juda, avèk Éliézer.


Levit yo: fis a Josué yo, fis a Kadmiel yo e fis a Hodavia yo: swasann-katòz.


Epi mwen te peze bay yo ajan, lò, avèk zouti, ofrann pou lakay Bondye nou an, ke wa a avèk konseye li yo ak chèf li yo avèk tout Israël prezan yo, te bay.


Konsa, mwen te peze mete nan men yo sis-san-senkant talan ajan, zouti an ajan ki te gen valè a san talan e anplis, san talan lò,


Veye e kenbe yo jiskaske nou peze yo devan prèt prensipal yo, Levit yo ak chèf an tèt lakay zansèt a Israël nou yo Jérusalem, nan chanm lakay SENYÈ yo.”


Konsa, prèt yo avèk Levit yo te aksepte ajan avèk lò ki te fin peze yo ak zouti yo pou pote yo Jérusalem lakay Bondye pa nou an.


Tout bagay te nimewote e te peze, e tout pwa a te rekòde menm lè sa a.


anplis frè pa yo, Schebania, Hodija, Kelitha, Pelaja, Hanan,


Harim, Merémoth, Abdias,


Epi Levit yo: Josué, fis a Azania a, Binnuï, nan fis a Hénadad yo, Kadmiel,


Apre li menm, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te repare yon lòt pòsyon soti nan pòtay lakay Éliaschib la, jis rive nan dènye pwent lakay Éliaschib la.


Apre li Binnuï, fis a Hénadad la, te repare yon lòt pòsyon soti lakay Azaria, jis rive nan ang lan, jis rive nan kwen an.


Akote yo, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te fè reparasyon yo. Epi akote li, Meschullam, fis a Bérékia a, fis a Meschézabeel la, te fè reparasyon yo. Akote li, Tsadok, fis a Baana a, te fè reparasyon yo.


Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite