Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
Esdras 10:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. Pran kouraj e aji.” 1998 Haïtienne Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouray! Annavan! |
Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktiyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”
Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktiyè a. Pran kouraj e aji.”
Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske ke tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.
Alò, gade byen, men divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout sèvis lakay Bondye yo e tout mesye avèk kapasite yo va avèk ou nan travay la pou tout kalite sèvis yo. Anplis, ofisye yo avèk tout pèp la va disponib nèt sou lòd pa ou.”
Konsa, Esdras te leve, e te fè prèt prensipal yo, Levit yo ak tout Israël sèmante pou yo ta fè selon sa ki te pwopoze a. Konsa yo te sèmante.
Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.