Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 22:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktiyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Kounyeya, se pou nou pran desizyon chache fè volonte Senyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati Tanp Senyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Senyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Senyè a ladan l.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 22:19
24 Referans Kwoze  

“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.


Chache SENYÈ a avèk fòs Li. Chache figi Li san rete.


Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.


David te di a Salomon: “Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an.


Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo.


Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, anba zèl a cheriben yo.


La mwen te poze yon plas pou lach la, nan sila akò a ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo lè Li te mennen yo soti nan peyi Égypte la.”


Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.


La, mwen te mete lach ki gen akò SENYÈ a ladann nan, akò ke Li te fè avèk fis Israël yo.”


Josaphat te byen pè. Li te vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda.


“Ou konnen ke David, papa m, pa t kapab bati yon kay pou non a SENYÈ a, akoz gè ki te antoure li yo, jiskaske SENYÈ a te mete yo anba pla pye li.


Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.


Alò, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo!


Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.


“Leve, briye; paske limyè ou fin parèt e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.


Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”


SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo pou wè si genyen ki konprann, k ap chache Bondye.


Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.


“Kite yo konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo.


Bay glwa a sen non Li. Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a vin ranpli ak jwa.


A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo, Ki chache Li ak tout kè yo.


Monte sou mòn yo, pote bwa pou rebati tanp lan pou M kapab pran plezi e jwenn glwa ladann,” pale SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite