Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 9:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale bò kote Farawon e pale avèk li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Senyè a di Moyiz konsa: — Ale bò kote farawon an, w'a di l: Men sa Senyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen.

Gade chapit la



Egzòd 9:1
7 Referans Kwoze  

Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


“Yo va koute sa ke ou di yo a. Konsa, ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin kote wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’


Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ale kote Farawon e di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: Kite pèp Mwen an ale pou yo kab sèvi Mwen.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.