Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo.
Egzòd 8:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Majisyen yo te fè menm bagay la avèk metye sekrè pa yo, e te fè krapo yo monte sou peyi Égypte la. 1998 Haïtienne Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la. |
Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo.
Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.
Majisyen yo te eseye avèk metye maji pa yo pou pwodwi ti mouch fen yo, men yo pa t kapab. Te gen ti mouch yo ni sou moun, ni sou bèt.
Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.
Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.