Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: — Lapriyè Senyè a, mande l pou l chase krapo sa yo sòti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 8:8
24 Referans Kwoze  

Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.” Konsa, nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.


Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”! Akoz grandè a pwisans Ou, menm, lènmi Ou yo va soumèt a Ou.


Alò, Farawon te fè vit pou rele Moïse avèk Aaron, e li te di: “Mwen te peche kont SENYÈ a Bondye nou an, e kont nou menm.


Alò, pou sa, souple padone peche mwen yo sèlman pou fwa sa a, e fè lapriyè pou mwen bay SENYÈ a, Bondye nou an, pou Li ta sèlman retire lanmò sa a sou mwen.”


Li te sòti devan Farawon e li te fè lapriyè bay SENYÈ a.


Lè wa Égypte la te avèti ke pèp la te sove ale, Farawon avèk sèvitè li yo te vin gen yon chanjman kè anvè pèp la. Yo te di: “Kisa sa ye nou fin fè la a, ke nou kite Israël ale pou kite sèvis nou yo?”


Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an?


Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.”


Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


Alò, Moïse te di: “Gade byen, Mwen ap sòti devan ou, mwen va priye a SENYÈ a pou desant mouch yo sòti sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a demen; men pinga kite Farawon aji an desepsyon ankò pou refize kite pèp la ale pou fè sakrifis a SENYÈ a.”


Men Farawon te andisi kè l fwa sa a ankò, e li pa t kite pèp la ale.


Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”


Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan.


Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”


Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò.


Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.


Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”


Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite