Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 7:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 7:22
8 Referans Kwoze  

Alò, nan maten lespri li te vin twouble, e li te voye rele tout majisyen an Égypte yo, ak tout moun saj li yo. Konsa, Farawon te eksplike yo rèv li yo, men pa t gen pèsòn ki te kapab entèprete yo pou Farawon.


Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo.


Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la.


Alò, Farawon te vire antre lakay li. Li pa t pran sa akè.


Men si se pwofèt yo ye, e si pawòl SENYÈ a avèk yo, kite yo koulye a fè demann a SENYÈ dèzame yo, pou veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo pa ale Babylone.


Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite