Alò, Joseph te gen laj trant ane lè li te kanpe devan Farawon, wa Égypte la. Epi Joseph te sòti nan prezans Farawon, e li te ale toupatou nan tout peyi Égypte la.
Egzòd 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Moïse te gen katre-ven lane, e Aaron katre-ven-twa, lè yo te pale ak Farawon an. 1998 Haïtienne Moyiz te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lè yo te al pale ak farawon an. |
Alò, Joseph te gen laj trant ane lè li te kanpe devan Farawon, wa Égypte la. Epi Joseph te sòti nan prezans Farawon, e li te ale toupatou nan tout peyi Égypte la.
Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.
Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la. Alò, kri pa yo akoz esklavaj sila a, te leve rive jwenn Bondye.
Men lè l t ap pwoche laj karant ane, sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo.
“Apre karant ane te pase, Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa.
Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou.
Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’
Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli.
“‘Epi Mwen te voye Moïse avèk Aaron pou te toumante Égypte pa sa Mwen te fè nan mitan li yo. Epi apre, Mwen te mennen nou sòti.