Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jozye 24:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “‘Epi Mwen te voye Moïse avèk Aaron pou te toumante Égypte pa sa Mwen te fè nan mitan li yo. Epi apre, Mwen te mennen nou sòti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Apre sa, mwen voye Moyiz ak Arawon nan peyi Lejip. Mwen fè gwo malè tonbe sou peyi a pou pini moun li yo. Mwen fè nou sòti kite peyi a.

Gade chapit la Kopi




Jozye 24:5
13 Referans Kwoze  

Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa, sila ke Li te chwazi avèk gwo kri ak kè kontan yo.


A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.


Nan fen kat-san-trant ane yo, jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte.


Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.


Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”


Se te menm sa yo ki te pale avèk Farawon, wa Égypte la, pou fè yo mennen fis Israël yo sòti an Égypte. Se te menm Moïse avèk Aaron sa a.


Mwen te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e nou te rive bò kote lanmè a. Konsa, Égypte te kouri dèyè zansèt nou yo avèk cha ak sòlda sou cheval yo jis rive nan Lamè Wouj la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite