Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 4:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?” Epi li te di: “Yon baton.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Senyè a mande l: — Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: — Yon baton.

Gade chapit la



Egzòd 4:2
10 Referans Kwoze  

Jacob te pran bwa vèt nan pye sikrèn, pye zanmann, ak pye bwadòm, e li te kale tras blan nan yo pou fè parèt blan ki te nan bwa yo.


Élisée te di li: “Kisa pou m ta fè pou ou? Di mwen kisa ou gen nan kay la?” Epi li te di: “Sèvant ou pa gen anyen nan kay la sof ke yon bokal lwil.”


SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di: “Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.


Ou va pran nan men ou baton sila a; avèk li ou va fè sign yo.”


Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.


Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an.


“Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”


men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.


Paske chak dizyèm pati nan twoupo, oswa nan bann mouton, nenpòt sa ki pase anba baton, dizyèm pati a va sen pou SENYÈ a.


Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a, bann mouton a eritaj Ou a, ki rete pou kont yo, nan forè. Kite yo manje nan mitan bon pa, nan Basan ak Galaad, tankou nan ansyen tan an.