Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 7:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 — Si farawon an mande nou fè yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w'a di Arawon pran baton l lan, voye l atè devan farawon an. Baton an va tounen yon koulèv.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 7:9
15 Referans Kwoze  

Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”


“Mande yon sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”


SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?” Epi li te di: “Yon baton.”


Pou sa yo te di Li: “Kisa konsa ou fè kon sign, pou nou kapab wè epi kwè ou? Ki zèv ou fè?”


Ou va pran nan men ou baton sila a; avèk li ou va fè sign yo.”


Alò, Moïse te lonje baton li sou peyi Égypte la, e SENYÈ a te dirije yon van lès sou latè pandan tout jounen an, ak tout nwit lan. Epi lè li te vin maten, van lès la te pote krikèt yo.


Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”


Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la.


Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’


Moïse te lonje baton li vè syèl la, e SENYÈ a te voye zeklè, loray avèklagrèl, avèk gwo kout dife ki te kouri rive jis atè. Konsa, SENYÈ a te fè lagrèl desann sou tout tè Égypte la.


Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron e te di:


Li te di: “Jete l atè.” Moïse te jete l atè, e li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite