Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”
Egzòd 27:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Ou va fè lotèl la avèk bwa akasya, senk koude nan longè, e senk koude nan lajè. Lotèl la va fèt kare, e wotè li va twa koude. 1998 Haïtienne W'a fè yon lotèl an bwa zakasya. L'a kare kare. L'a mezire sèt pye sis pous longè sou sèt pye sis pous lajè ak kat pye sis pous wotè. |
Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”
Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a.
Men Aaron avèk fis li yo te lofri sou lotèl ofrann brile a ak sou lotèl lansan an, pou tout zèv kote ki pi sen pase tout lòt yo a e pou fè ekspiyasyon pou Israël, selon tout sa ke Moïse, sèvitè Bondye a, te òdone.
Apre, li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak dis koude nan wotè.
Konsa, Josué, fis a Jotsadak la avèk frè li yo, prèt yo e Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk frè li yo, te leve e te bati lotèl Bondye Israël la pou ofri ofrann brile sou li, kon sa ekri nan lalwa Moïse la, nonm Bondye a.
Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo. Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo.
lotèl ofrann ki brile yo, osi avèk tout bagay itil li yo, e basen lave a avèk baz li,
lotèl ofrann brile a avèk griyaj li, poto li, ak tout bagay itil li yo, basen, avèk baz li;
lotèl an bwonz lan ak griyaj bwonz pa li, avèk poto pa li yo ak tout bagay itil li yo, basen lave a avèk baz li;
Ou va onksyone lotèl ofrann brile a ak tout bagay itil li yo, epi ou va konsakre lotèl la. Konsa, lotèl la va vin sen pase tout bagay.
Li te plase lotèl ofrann brile a devan pòtay tabènak tant reyinyon an, e li te ofri sou li ofrann brile a ak ofrann sereyal la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Alò, devwa pa yo se te lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo.
Yo va anplis mete sou li tout zouti li yo avèk sila yo sèvi e ki gen korespondans avèk li; veso dife yo, fouch avèk pèl yo, ak basen yo, tout zouti lotèl la. Epi yo va fè l kouvri avèk yon po dofen, e fè poto li yo pase antre.