Anplis, avèk materyo ble, mov, e wouj, yo te fè vètman tise byen fen pou fè sèvis nan lye sen an, menm jan avèk vètman sen ki te pou Aaron yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Yo va anplis mete sou li tout zouti li yo avèk sila yo sèvi e ki gen korespondans avèk li; veso dife yo, fouch avèk pèl yo, ak basen yo, tout zouti lotèl la. Epi yo va fè l kouvri avèk yon po dofen, e fè poto li yo pase antre.