Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.
Egzòd 18:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Jéthro, bòpè Moïse la te vini avèk fis li yo ak madanm li vè Moïse nan dezè kote li te fè kan an, akote mòn Bondye a. 1998 Haïtienne Jetwo, bòpè Moyiz la, pran madanm Moyiz ak de pitit gason l yo, li vin wè Moyiz nan dezè kote l te moute tant li a, sou mòn Bondye a. |
Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.
Li te voye di Moïse: “Mwen menm, bòpè ou Jéthro, ap vin kote ou avèk madanm ou, ak de fis li yo avè l.”
epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la.
Lè yo te pati soti Rephidim, yo te vini nan dezè Sinaï a. Yo te fè kan nan dezè a. Se la Israël te fè kan devan mòn lan.
SENYÈ a te vin desann sou Mòn Sinai, sou tèt mòn nan. Senyè a te rele Moïse anwo tèt mòn nan, epi Moïse te monte.
Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.
Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”
Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li.