Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 4:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Senyè a di Arawon: — Ale kontre Moyiz nan dezè a. Arawon pati, li kontre Moyiz sou mòn Bondye a. Li pase bra l nan kou l.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 4:27
15 Referans Kwoze  

Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.


Alò, leve desann eskalye a pou akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”


De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo.


Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.


Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans.


Moïse te monte vè Bondye. SENYÈ a te rele li soti nan mòn nan. Li te di: “Konsa ou va pale ak lakay Jacob la pou di fis Israël yo:


Epi Jacob te bo Rachel. Li te leve vwa li, e li te kriye.


Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.”


Alò, Jéthro, bòpè Moïse la te vini avèk fis li yo ak madanm li vè Moïse nan dezè kote li te fè kan an, akote mòn Bondye a.


Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la.


Alò, Moïse te leve avèk Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan mòn Bondye a.


Li te voye Moïse, sèvitè Li a, avèk Aaron ke Li te chwazi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite