Anplis rale lans ak rach batay la pou rankontre sila k ap kouri dèyè m yo. Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!
Egzòd 17:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men men Moïse te vin lou. Pou sa a, yo te pran yon wòch, yo te mete li anba li, e li te chita sou li. Aaron avèk Hur te bay men li soutyen, youn sou yon bò, e lòt la sou lòt bò a. Konsa men li te rete dyanm jis rive lè solèy la te vin kouche. 1998 Haïtienne Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l t'ap fè l mal. Arawon ak Our pran yon wòch, yo mete l deye Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche. |
Anplis rale lans ak rach batay la pou rankontre sila k ap kouri dèyè m yo. Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!
Konsa, li te vin rive ke lè Moïse te leve men l, pèp Israël la te vin genyen, men lè li te kite men l desann, Amalèk te vin genyen.
Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”
nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun.
Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.
Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a.
Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.
Paske Josué pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo.