Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 12:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Remanbre men fatige nou yo. Repare jenou nou yo k ap tranble. Ranmase fòs nou.

Gade chapit la Kopi




Ebre 12:12
11 Referans Kwoze  

Jenou m vin fèb nan fè jèn e chè m vin mèg, san grès.


Ankouraje men ki pedi fòs, e ranfòse jenou ki fèb la.


Konsa, lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz nouvèl k ap vini an! Tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’”


Tout men yo va lage vid e tout jenou yo va vin kon dlo.


Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.


Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e figi yo vin blèm!


Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb.


Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.


Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.


Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo: “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a, ni vin febli lè nou korije pa Li;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite