Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 17:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Senyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pat gen dlo la pou pèp la te bwè.

Gade chapit la



Egzòd 17:1
8 Referans Kwoze  

Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo.


Alò, yo te kite Élim, e tout asanble fis Israël yo te vini nan dezè Sin, ki te antre Élim ak Sinai an. Sa te fèt nan kenzyèm jou dezyèm mwa apre depa yo nan peyi Égypte la.


Alò, Amalèk te vin goumen kont Israël nan Rephidim.


Lè yo te pati soti Rephidim, yo te vini nan dezè Sinaï a. Yo te fè kan nan dezè a. Se la Israël te fè kan devan mòn lan.


Pa t gen dlo pou kongregasyon an, e yo te vin reyini yo menm kont Moïse avèk Aaron.


Nenpòt lè nwaj te leve sou tant lan, fis Israël yo te leve vwayaje. Nan plas kote nwaj la te vin poze a, se la fis Israël yo te kanpe fè kan an.


Ak kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an, e nan kòmand a SENYÈ a, yo te pati. Yo te kenbe lòd SENYÈ a selon kòmand SENYÈ a, selon Moïse.