Egzòd 12:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo, jiskaske yo te sede a demann sa a. Konsa, yo te vin piyaje Ejipsyen yo. 1998 Haïtienne Senyè a te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo. |
Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.
Tout sila ki te antoure yo te ankouraje yo avèk bagay an ajan, lò, byen pa yo, bèt yo, bagay yo koute chè pa yo, apati de tout sa ki te bay kon ofrann bòn volonte.
Pale koulye a pou tout moun tande, ke chak gason mande vwazin li, e chak fanm vwazen pa li pou kèk bagay fèt an ajan ak bagay ki fèt an lò.”
SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo.
Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo. Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.