Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 11:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pale koulye a pou tout moun tande, ke chak gason mande vwazin li, e chak fanm vwazen pa li pou kèk bagay fèt an ajan ak bagay ki fèt an lò.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Pale ak pèp Izrayèl la. Se pou yo chak mande vwazen ak vwazin yo fè yo kado bagay yo genyen ki fèt an ajan osinon an lò.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 11:2
16 Referans Kwoze  

Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li.


Konsa Bondye te retire bèt yo nan men papa ou, e Li te ban mwen yo.


Li te fè yo sòti ak ajan ak lò. Pami pèp Li yo, pa t gen yon grenn ki te tonbe.


Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann; lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.


“Mwen va bay favè a pèp sa a devan zye Ejipsyen yo, e sa va fè ke lè nou prale, nou p ap soti men vid.


Men chak fanm va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad yo. Nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’”


“Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.”


Epi tout sa yo ki te mennen pa bon volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè.


Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.


‘Ajan se pa M, e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo.


Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite