Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 12:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

— Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se li menm k'ap anvan tout lòt mwa yo.

Gade chapit la



Egzòd 12:2
14 Referans Kwoze  

Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur a, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, mwa Adar a.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron nan peyi Égypte la:


“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, nan aswè, nou va manje pen san ledven an, jiska vente-yen jou nan mwa a, lè l rive nan aswè.


“Pale a tout asanble Israël la, e di: ‘Nan dizyèm mwa sa a, yo chak va pran yon jenn mouton pou yo menm, selon kay pa yo, yon mouton pou chak kay.


Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.


Nan jou sa a, nan mwa Abib la, nou prepare pou nou soti.


Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte. Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.


“Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.


Alò, nan premye mwa nan dezyèm ane a, nan premye jou mwa a, tabènak la te monte.


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan premye mwa a, nan premye nan mwa a, ou va pran yon jenn towo san defo pou netwaye sanktiyè a.


“‘“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje.


Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a.


“‘Alò, nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a.


“Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib la, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan.