Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 34:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Se pou ou toujou fete fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nan mwa mas avril la, nou va manje pen san ledven jan mwen te ban nou lòd la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 34:18
15 Referans Kwoze  

“Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.


Se yon nwit pou nou obsève pou SENYÈ a, paske li fè yo sòti nan peyi Égypte la. Nwit sa a se pou SENYÈ a, pou obsève pa tout fis Israël yo selon tout jenerasyon pa yo.


Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.


Nan jou sa a, nan mwa Abib la, nou prepare pou nou soti.


Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen.


Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte. Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.


Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven.


“‘Alò, nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a.


Nan kenzyèm jou nan mwa a, va gen yon fèt pen san ledven ki va manje pandan sèt jou.


Alò, Pak Jwif la avèk Pen San Ledven an, t ap fète nan de jou. Konsa, chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan pou yo ta sezi L pa riz pou touye Li.


Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche.


Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite