Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
Ebre 8:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo e Mwen p ap sonje peche yo ankò. 1998 Haïtienne M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil M ap padone fot yo, epi m ap bliye peche yo.” |
Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.
Mwen te efase transgresyon ou yo tankou yon nwaj byen pwès, ak peche ou yo tankou yon nwaj. Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”
“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
Mwen va netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo.
Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la, men p ap genyen; epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn; paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”
Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, ki padone inikite, e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an, akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
Li va gen konpasyon pou nou ankò. Li va foule inikite nou yo anba pye L. Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,
e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo. A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li—