Efezyen 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, Gade chapit la1998 Haïtienne7 Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil7 Nan Kris, nou jwenn libète poutèt san li ki te koule. Nou jwenn padon peche nou yo, poutèt richès gras Bondye. Gade chapit la |
Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a.