“‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab;
Ebre 10:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 1998 Haïtienne Si, apre nou fin konn verite a, nou pran pwòp desizyon nou ap kontinye fè sa ki mal, enben, pa gen sakrifis ki ka efase peche sa yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si nou deside pou nou kontinye nan peche nou yo apre nou fin tande verite a, alò pa gen okenn lòt sakrifis ki ka retire nou nan peche nou yo. |
“‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab;
“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Si yon moun peche san movèz entansyon nan nenpòt bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè, e ki fèt pa nenpòt nan yo,
“Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt.
Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”
“Nonm nan ki aji avèk ògèy e ki pa koute prèt la ki kanpe la a pou sèvi SENYÈ Bondye nou an, ni jij la, nonm sila a va mouri. Se konsa, nou va retire mal sa a soti an Israël.
epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans.
Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila.
Si yon nonm vin peche kont yon lòt, Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske SENYÈ a te vle mete yo a lanmò.