Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 4:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Si yon moun peche san movèz entansyon nan nenpòt bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè, e ki fèt pa nenpòt nan yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 — Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun peche san li pa fè espre lè li vyole lòd Senyè a bay epi li fè sa li pa te dwe fè, men sa pou yo fè li:

Gade chapit la Kopi




Levitik 4:2
18 Referans Kwoze  

Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”:


Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.


Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo. Pa kite yo vin domine m. Konsa, mwen kab rete san fot, epi va inosan a gran peche.


Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo?


“‘Men si yon nonm manje yon kado sen san konnen, alò, li va mete sou fòs li yon senkyèm anplis valè li, e li va bay kado sen an bay prèt la.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


“‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab;


“‘Lè yon dirijan fè peche, e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab,


“‘Alò, si nenpòt moun pami pèp òdinè a peche san movèz entansyon nan fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, e li vin koupab,


alò, nou va apwente pou nou menm vil azil nou, pou sila ki touye moun yo, san entansyon eksprè, kapab sove ale.


“Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan——


malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans.


Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès.


men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote san, ke li ofri pou tèt li a ak pou peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.


Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.


Men Jonathan pa t ankò tande lè papa l te mete pèp la anba sèman an. Pou sa, li te lonje baton ki te nan men l lan, li te fonse li nan gato myèl la, li te mete men l nan bouch li e zye li te vin limen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite