Detewonòm 8:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a. 1998 Haïtienne Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou lamàn pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Senyè a tou pou yo viv. |
Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou.
Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an.
Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.
“Lè mwen te monte nan mòn nan pou resevwa tablo wòch yo, tablo akò ke SENYÈ a te fè avèk nou an, alò, mwen te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit. Mwen pa t manje pen ni bwè dlo.