Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 10:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 e yo tout te manje menm manje lespri a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Yo tout te manje menm manje espirityèl la.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 10:3
9 Referans Kwoze  

Ou te founi pen soti nan syèl la pou grangou yo, epi Ou te mennen dlo soti nan yon wòch pou yo menm, pou swaf yo, epi Ou te di yo antre ladann nan peyi ke Ou te sèmante pou bay yo pou posede a.


Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf.


Yo te mande e li te pote zòtolan pou te satisfè yo avèk pen syèl la.


Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: “Kisa sa ye?” Paske yo pa t konnen kisa sa li te ye. Epi Moïse te di yo: “Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje.


Fis Israël yo te manje lamàn pandan karant ane, jis lè yo te rive nan yon peyi ki te peple deja. Yo te manje lamàn jis yo rive nan fwontyè peyi Canaan an.


Alò, SENYÈ a te di Moïse: “Gade byen, Mwen va vide pen sòti nan syèl la tankou lapli pou nou. Epi pèp la va sòti chak jou pou ranmase sa ki kont pou jounen an, pou Mwen kapab fè yo pase a leprèv; pou M wè si yo va mache nan enstriksyon Mwen yo.


“Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite