SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
Detewonòm 5:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “SENYÈ a te pale fasafas avèk nou nan mòn nan soti nan mitan dife a, 1998 Haïtienne Bondye te rete sou mòn lan nan mitan dife a. Li pale ak nou fasafas. |
SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.
Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit la.
Depi nan tan sa a, okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke SENYÈ a te konnen fasafas,
Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa.
“Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a,
Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la?
Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a.
“Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo.