Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Danyèl 4:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Nebucadnetsar, wa a a tout pèp yo, nasyon ak lang, ki rete sou tout tè a: “Ke lapè nou kapab vin anpil!

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men mesay wa Nebikadneza voye bay tout pèp, moun tout ras nan tout peyi ki pale lòt lang toupatou sou latè: — Gwo bonjou ak anpil kè poze pou nou tout.

Gade chapit la



Danyèl 4:1
16 Referans Kwoze  

Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.


Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kolèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an: Lapè.


Yo te voye bay li yon rapò, e ladann, te ekri sa: A Darius, wa a; lapè avèk ou!


Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a.


Pou sa, grefye a wa yo te rele nan lè sa a nan twazyèm mwa a (sa vle di, mwa Sivan an), nan twazyèm jou a; epi, li te ekri selon tout sa ke Mardochée te kòmande a Jwif yo, reprezantan a wa yo nan pwovens yo, gouvènè yo, avèk chèf a pwovens ki te lonje rive soti nan Inde jis rive Ethiopie, san-venn-sèt pwovens, a chak pwovens selon ekriti pa li e a chak pèp selon langaj yo, epi anplis a Jwif yo selon ekriti pa yo, avèk langaj pa yo.


Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”


Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo,


Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a: “Ke lapè ou kapab vin miltipliye!


Li delivre e Li sove, Li fè sign ak mèvèy nan syèl la ak sou tè a. Li menm ki te delivre Daniel soti nan pouvwa a lyon yo.”


A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.


Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’


Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.


A tout sila yo ke Bondye renmen anpil nan Rome, ke Li te rele kòm sen yo: gras anvè nou avèk lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a Jésus Kri.


Lagras pou nou ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a, Jésus Kri.


A Timothée, vrè pitit mwen nan lafwa mwen an: lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.


selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.