Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 8:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pou sa, grefye a wa yo te rele nan lè sa a nan twazyèm mwa a (sa vle di, mwa Sivan an), nan twazyèm jou a; epi, li te ekri selon tout sa ke Mardochée te kòmande a Jwif yo, reprezantan a wa yo nan pwovens yo, gouvènè yo, avèk chèf a pwovens ki te lonje rive soti nan Inde jis rive Ethiopie, san-venn-sèt pwovens, a chak pwovens selon ekriti pa li e a chak pèp selon langaj yo, epi anplis a Jwif yo selon ekriti pa yo, avèk langaj pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt (127) pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letyopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Menm jou a, ventwazyèm jou nan twazyèm mwa a, mwa Sivan, wa a fè konvoke tout sekretè l yo. Yo ekri tout lòd Madoche yo pou voye bay Jwif yo, tout chèf rejyonal lame wa yo, gouvènè ak tout gwo chèf yo ki nan 127 pwovens yo, soti peyi Lend rive Letyopi. Lèt sa a te ekri nan diferan lang moun sa yo pale ak diferan fòm ekriti yo sèvi nan chak pwovens sa yo. Lòd sa yo te rive jwenn Jwif yo nan pwòp lang ak ekriti yo.

Gade chapit la Kopi




Estè 8:9
10 Referans Kwoze  

Alò Éliakim, fis a Hilkija a, avèk Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Pale koulye a a sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale avèk nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou mi yo.”


Konsa, yo te rasanble Jérusalem nan twazyèm mwa, nan kenzyèm ane, nan règn Asa a.


Alò li te vin rive nan tan Wa Assuréus la, menm Assuréus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo,


Konsa, li te voye lèt a tout pwovens a wa yo, a chak pwovens selon ekriti pa li, e a chak pèp selon langaj pa yo, ke tout mesye yo ta dwe mèt nan pwòp kay pa yo, e sila te pale nan lang a pwòp pèp li.


Alò Wa Assuérus te enpoze yon taks sou peyi a avèk peyi kot lanmè yo.


Nebucadnetsar, wa a a tout pèp yo, nasyon ak lang, ki rete sou tout tè a: “Ke lapè nou kapab vin anpil!


Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan.


Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a: “Ke lapè ou kapab vin miltipliye!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite