Estè 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a. Gade chapit la1998 Haïtienne12 Se konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo yon piblikasyon pou yo mete nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Lèfini, li bay lòd pou yo voye l bay tout prefè wa a, tout gouvènè pwovens yo ak tout chèf lòt pèp yo. Piblikasyon an te fèt nan non wa Asyeris. Lèfini, li mete sò bag wa a anba li. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil12 Konsa, nan trèzyèm jou nan mwa Nisan an, Aman konvoke tout sekretè wa a. Li mande yo pou yo ekri yon dekrè voye bay tout ofisye gouvènman yo, gouvènè nan tout pwovens yo ak tout lidè pèp yo. Yo ekri dekrè sa nan diferan lang ak ekriti moun sèvi nan chak pwovens yo. Yo te voye lèt sa yo nan non wa Asyeris epi yo te sele yo ak bag wa a. Gade chapit la |
Konsa, yo te pwoche pou te pale devan wa a konsènan dekrè a: “Èske ou pa t siyen yon dekrè ke yon moun ki ta fè petisyon a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm, O wa, pandan trant jou, ta vin jete nan fòs lyon an?” Wa a te reponn: “Pawòl sa a se verite, selon Lalwa a Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje menm.”