Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo.
Amòs 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe e te refize gen pitye. Mekontantman li te dechire tout tan, e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan. 1998 Haïtienne Senyè a di konsa: Moun lavil Edon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Yo kouri dèyè frè yo ak nepe pou yo touye yo. Yo san pitye pou yo. Kòlè yo pa gen limit. Yo toujou kenbe yo nan kè yo. |
Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo.
Gade, koulye a, jan y ap rekonpanse nou lè yo vin parèt pou chase nou mete deyò soti nan posesyon ke Ou te bannou kòm eritaj la.
Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”
Èske Ou va fache avèk nou jis pou tout tan? Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?
Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan, ni se pa pou tout tan ke M ap fache a; paske lespri a ta vin fèb devan M, ak nanm a sila ke M te fè yo.
Égypte va vin yon dezè, Edom va vin yon savann dezole, akoz vyolans ki te fèt sou fis Israël yo, akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, ki padone inikite, e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an, akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.”
“Mwen te renmen nou,” pale SENYÈ a. Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?” “Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen;
Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, men nou va retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”
Nou pa pou meprize yon Edomit, paske li se frè nou. Nou pa pou meprize yon Ejipsyen, paske nou te yon etranje nan peyi li.