Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 23:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Nou pa pou meprize yon Edomit, paske li se frè nou. Nou pa pou meprize yon Ejipsyen, paske nou te yon etranje nan peyi li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Pa meprize moun Edon yo. Se moun menm ras avè nou yo ye. Pa meprize moun peyi Lejip yo nonplis, paske yon lè se nan peyi yo nou te rete.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 23:7
19 Referans Kwoze  

Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.


Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la.


Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etrange nan peyi Égypte la.


Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou konnen tout traka ki gen tan pran nou;


Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.


“Mwen te renmen nou,” pale SENYÈ a. Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?” “Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen;


Israël osi te rive an Égypte. Konsa Jacob te vin demere nan peyi Cham nan.


Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen. Yo te gen tèren ladann, yo te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil.


Joseph te founi papa li ak frè li yo, avèk tout lakay li avèk manje, selon fòs kantite pitit pa yo.


Peyi Égypte la devan ou, plase papa ou avèk frè ou yo nan pi bon pòsyon tè a, kite yo viv nan peyi Gosen an. Epi si ou konnen moun ak kapasite pami yo, alò, fè yo responsab bèt mwen yo.”


avèk fis li yo, fis a fis li yo, fi li yo avèk fi a fis li yo, ak tout desandan li yo. Li te mennen tout desandan avèk li, ale an Égypte.


Fis a twazyèm jenerasyon ki fèt pou yo a kapab antre nan asanble SENYÈ a.


Konsa, li te lènmi a Israël pou tout jou a Salomon yo, ansanm avèk mechanste ke Hadad te fè yo. Li te rayi Israël e li te renye sou Syrie.


Pou sa, pa bay fi nou yo a fis nou yo, ni pran fi pa yo pou fis pa nou, pa janm chache lapè yo ak pwosperite yo, pou nou kapab kenbe kouraj nou e manje bon bagay peyi a, e lese li kon yon eritaj a fis nou yo jis pou tout tan.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite