David te di: “Fis mwen, Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri.
Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.
Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa,
Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògèye yo te fè imaj abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l. Konsa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm.