Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen Tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon Tanp lan ap moute ankò devan je yo, genyen ki te dlo nan je. Men anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan.

Gade chapit la Kopi




Esdras 3:12
12 Referans Kwoze  

jiskaske pèp la pa t kab distenge antre son lajwa ak son kriye a pèp la, paske pèp la te rele ak gran vwa e son lan te koute soti byen lwen.


Malgre, kòmansman ou pa t remakab, ou ta fini avèk anpil gwo bagay.


Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.


Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.


“Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la, nou menm mesye Israël yo. Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a. “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.


Pi piti a va devni yon gran pèp e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan. Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.”


“Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a: “Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou; yo va avanse ap kriye pandan yo prale e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.


‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou?


Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite