Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Aje 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men koulye a, se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la, e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘epi travay, paske Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Men koulyeya, kouraj, Zowobabèl! Se Senyè a menm k'ap pale avè nou! Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Senyè a menm k'ap Aje / 2 pale avèk nou! Mete men nan travay la. Paske mwen la avèk nou. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa ki di sa!

Gade chapit la Kopi




Aje 2:4
20 Referans Kwoze  

David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li.


Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen.


Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske ke tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.


Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo, yo te twouve fis a Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia.


Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen.


Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”


Answit Aggée, mesaje SENYÈ a, te pale nan komisyon SENYÈ a, bay pèp la. Li te di, “Mwen avèk nou, deklare SENYÈ a.”


Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: ‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo.


Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati.


Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl pa sign ki te swiv yo. Amen.


Patriyach yo te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li


Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.


Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.


Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”


Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.


Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.


Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.


“Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”


Lè SENYÈ a te kon fè leve yon jij pou yo, SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou yo a jij la. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo.


Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi SENYÈ a avè l.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite