Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li.
Aje 2:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske semans lan gen tan rive nan depo a? Menm pye rezen an, pye fig etranje a, pye grenad ak bwa doliv la, pa reyisi pote anyen. Malgre sa, soti nan jou sila a, Mwen va beni nou.’” 1998 Haïtienne Ata grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou. |
Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li.
Èske ou va mete lafwa ou nan li pou li pote semans lakay, o ranmase seryel sou glasi vannen an?
Se tankou lawouze Mòn Hermon ki vin desann sou mòn Sion nan; paske la, SENYÈ a te kòmande benediksyon an——lavi jis pou tout tan.
Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo, e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a, sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a. Nanm yo va tankou yon jaden wouze. Yo p ap janm soufri tristès ankò.
Mwen va ranpli nanm a prèt yo ak abondans, e pèp Mwen an va satisfè ak bonte Mwen,” deklare SENYÈ a.
Pye rezen an vin sèch, e pye fig la vin pa donnen. Pye grenad la, pye palmis lan ak pye pòm nan; menm tout pyebwa nan chan an fin cheche. Anverite Lajwa a vin seche soti pami fis a lòm yo.
Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a, pou L kite dèyè Li yon benediksyon, menm yon ofrann sereyal ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
Mwen te rele yon gwo sechrès vini sou peyi a, sou mòn yo, sou grenn sereyal yo, sou diven nèf la, sou lwil la, sou tout pwodwi latè yo, sou lòm, sou bèt ak sou tout zèv men nou yo.”
Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li.
Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
“SENYÈ a va frape nou avèk epidemi tibèkiloz ak lafyèv, enflamasyon ak chalè ki brile, avèk nepe, maladi ki seche jaden, avèk pichon. Yo va kouri dèyè nou jiskaske nou mouri.