Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jowèl 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Pye rezen an vin sèch, e pye fig la vin pa donnen. Pye grenad la, pye palmis lan ak pye pòm nan; menm tout pyebwa nan chan an fin cheche. Anverite Lajwa a vin seche soti pami fis a lòm yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Pye rezen yo ap cheche, pye fig frans yo ap mouri. Pye grenad, pye palmis, pye ponm, tout pye fwi nan jaden fin fennen. Pa gen moun ki gen kè kontan ankò.

Gade chapit la Kopi




Jowèl 1:12
19 Referans Kwoze  

Ou te mete lajwa nan kè m plis pase lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.


Moun dwat la va fleri tankou palmis. Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.


Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè, se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; konsa fwi li te dous nan gou m.


Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad, ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;


Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann.


Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. Tout kè kontan vire an gwo tristès.


Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent.


Ou te fè pèp la grandi anpil; Ou ogmante kè kontan yo. Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la.


Bri a gwo kri k ap sòti Choronaïm; ravaj ak gwo destriksyon!


Konsa, lajwa ak kè kontan vin retire nan chan plen ak fwi a, menm nan Moab. Epi Mwen te fè diven vin sispann nan pèz diven yo. Pèsòn p ap foule yo ak gwo kri. Kri ki genyen, se ke pa gen kriye menm.


Chan an vin gate nèt. Peyi a ap fè dèy. Paske tout sereyal la fin gate nèt. Diven nèf la fin seche, lwil fre a vin sispann.


Èske manje a pa t retire soti devan zye nou? Lajwa ak kè kontan soti lakay Bondye nou an?


Men Bondye te chwazi yon cheni nan granmmaten nan pwochen jou a. Li te atake lyann nan e li te vin fennen.


Èske semans lan gen tan rive nan depo a? Menm pye rezen an, pye fig etranje a, pye grenad ak bwa doliv la, pa reyisi pote anyen. Malgre sa, soti nan jou sila a, Mwen va beni nou.’”


Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo.


Yo te rive nan vale Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite