Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Wa 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: “Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men Elize voye yon mesaje di li: — Ale plonje ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, epi maladi a va disparèt sou kò ou. W'a geri.

Gade chapit la



2 Wa 5:10
23 Referans Kwoze  

Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’”


Li te di: “Konsa di SENYÈ a: ‘Fè vale sila a vin ranpli avèk kanal.’


Li te retounen nan kay la e te mache yon fwa ale retou, epi li te monte lonje li menm sou li. Gason an te touse sèt fwa e gason an te ouvri zye li.


Men li te di: “Alò, pote sereyal moulen an.” Li te jete li nan bonm nan e te di: “Vide li pou pèp la pou yo kab manje.” Epi pa t gen okenn mal nan po a.


Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: “Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la.


Pou sa, li te desann e te fonse kò l sèt fwa nan Jourdain an, selon pawòl a nonm Bondye a; epi chè li te restore tankou chè a yon timoun, e li te vin pwòp.


Konsa, Naaman te vini avèk cheval li yo ak cha li yo e te kanpe devan pòtay lakay Élisée.


Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.” Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”


Vètman an, kit se nan tise, oswa nan trikote, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi kote mak la te sòti lè nou te lave li a, li va konsa lave yon dezyèm fwa e li va vin pwòp.”


Alò, prèt la va fonse dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men goch la, e avèk dwèt li, li va flite kèk nan lwil la sèt fwa devan SENYÈ a.


Alò li va pran bout bwa sèd yo avèk izòp ak fisèl wouj la, avèk zwazo vivan an, e li va fonse yo nan san zwazo ki mouri an, e osi nan dlo fwe a, epi li va flite kay la sèt fwa.


Epi li va flite sèt fwa sou sila ki gen lalèp pou pirifye a, e li va pwoklame li pwòp. Konsa, li va kite zwazo vivan an vole lib sou yon chan byen louvri.


Anplis, li va pran kèk nan san towo a e li va flite li avèk dwèt li sou twòn pwopiyatwa sou kote lès la; anplis, pa devan nan twòn pwopiyatwa a, li va flite kèk nan san an avèk dwèt li sèt fwa.


Avèk dwèt li, li va flite kèk nan san an sou li sèt fwa pou fè l vin pwòp, soti nan salte a fis Israël yo, e konsakre li.


Alò, moun pwòp la va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè.


Apre, Éléazar, prèt la, va pran kèk nan san li avèk dwèt li, e flite kèk nan san li an pa devan tant asanble a sèt fwa.


Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.


Li te di l: “Ale lave nan basen Siloé a” (ki te vle di “Ranvoye”). Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.


Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.


Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la. “Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va soufle twonpèt yo.