Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Wa 5:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: “Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Naaman fache, li vire do l ale. Li di: — Mwen te kwè li t'ap sòti vin resevwa m. Apre sa, li ta lapriyè Senyè a, Bondye l la. Li ta pase men l kote ki malad la, konsa mwen ta geri.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 5:11
19 Referans Kwoze  

Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”


Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”


“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”


Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.


Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”


Men sentiwon an te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri.


Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.


Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal.


Paske chemen kwochi a moun san konprann yo va touye yo. Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.


Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”


Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: “Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”


Èske rivyè Abana avèk Parpar nan Damas yo pa pi bon ke tout flèv Israël yo? Èske mwen pa t kab lave m nan yo e vin pwòp?” Konsa, li te vire sòti byen anraje.


Konsa, li te ale kite li e te fèmen pòt la dèyè li avèk fis li yo. Yo t ap mennen veso kote li pou l te plen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite