Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 4:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.” Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Moyiz kite kote l te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: — Tanpri, kite m ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: — Ale ak kè poze.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 4:18
11 Referans Kwoze  

Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.


Tout sila ki anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an.


Jandam prizon an te fè rapò sa a bay Paul. Li te di: “Chèf majistra yo gen tan voye lage nou. Konsa, vin deyò kounye a e ale anpè.”


Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”


Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”


Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab ba ou sa ou mande L la.”


Alò, Joseph te di a frè li yo: “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li.


Moïse te dakò rete avèk mesye a, e li te bay fi li, Séphora a Moïse.


Li te di li: “Ale anpè.” Konsa, li te pati de li a yon distans.


Prèt la te di yo: “Ale anpè. Bondye dakò avèk vwayaj ke nou ap fè a.”


Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: “Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite