Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”
2 Wa 10:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè lèt la te rive kote yo, yo te pran fis a wa yo e te touye yo; swasann-dis moun, e te mete tèt pa yo nan panyen pou te voye yo kote li Jizréel. 1998 Haïtienne Lè yo resevwa lèt Jeou a, yo touye swasanndis pitit Akab yo, yo mete tèt yo nan panyen, yo voye yo bay Jeou lavil Jizreyèl. |
Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”
Gade byen, Mwen va mennen mal sou ou, Mwen va bale fè ou disparèt e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib nan tout Israël.
Alò, li te ekri yon lèt yon dezyèm fwa. Li te di: “Si ou sou kote pa m, ou va koute vwa m, pran tèt a mesye yo, fis a mèt ou yo, e vin kote mwen Jizréel demen vè lè sa a.” Alò, fis a wa yo, swasann-dis moun, te avèk moun enpòtan ki nan vil yo ki t ap leve yo.
Lè mesaje a te vin pale li, li te di: “Yo gen tan pote tèt a fis a wa yo.” Li te di yo: “Mete yo nan de pil nan antre pòtay la jis rive nan maten.”
Alò, nan maten, li te ale deyò pou te kanpe pale a tout pèp la: “Nou inosan. Gade byen, mwen te fè konplo kont mèt mwen, e mwen te touye li. Men se kilès ki te touye tout sila yo?
Lè Athalie, manman Achazia te wè ke fis li a te mouri, li te leve detwi tout pitit a fanmi wayal yo.
Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou.