Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 11:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Lè Athalie, manman Achazia te wè ke fis li a te mouri, li te leve detwi tout pitit a fanmi wayal yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa a.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 11:1
17 Referans Kwoze  

Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.


“Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.


Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon.


Wa a te osi di a Schimeï: “Ou konnen tout mal ke ou rekonèt nan kè ou, ke ou te fè a papa m, David. Akoz sa, SENYÈ a va remèt mal sa a sou pwòp tèt pa ou.


Alò, tan ke Jéhu te renye sou Israël Samarie a se te venn-tuitan.


Lè lèt la te rive kote yo, yo te pran fis a wa yo e te touye yo; swasann-dis moun, e te mete tèt pa yo nan panyen pou te voye yo kote li Jizréel.


Nan setyèm ane Jéhu, Joas te vin wa a, e li te renye karantan Jérusalem. Non manman li te Tsibja nan Beer-Schéba.


Men li te vin rive nan setyèm mwa a, ke Ismaël, fis a Nethania yo, fis a Élischama yo nan fanmi wayal la, te rive avèk dis òm pou te frape Guedalia e li te mouri ansanm avèk Jwif ak Kaldeyen ki te avèk li nan Mitspa yo.


Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la.


Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri.


Paske fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.


Nan setyèm mwa Ismaël, fis a Nethania a, fis a Élischama, manm fanmi wayal la, e youn nan chèf prensipal a wa yo, ansanm ak dis mesye te rive Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam nan. Pandan yo t ap manje pen ansanm nan Mitspa,


Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite