Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò, nan maten, li te ale deyò pou te kanpe pale a tout pèp la: “Nou inosan. Gade byen, mwen te fè konplo kont mèt mwen, e mwen te touye li. Men se kilès ki te touye tout sila yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Nan denmen maten li sòti, l'ale kanpe bò pòtay la, li di moun ki te la yo: — Se mwen menm ki te fè konplo kont Joram, mèt mwen an, pou m te touye l. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Men, sa yo, ki moun ki touye yo?

Gade chapit la Kopi




2 Wa 10:9
7 Referans Kwoze  

Alò, li te ekri yon lèt yon dezyèm fwa. Li te di: “Si ou sou kote pa m, ou va koute vwa m, pran tèt a mesye yo, fis a mèt ou yo, e vin kote mwen Jizréel demen vè lè sa a.” Alò, fis a wa yo, swasann-dis moun, te avèk moun enpòtan ki nan vil yo ki t ap leve yo.


Lè mesaje a te vin pale li, li te di: “Yo gen tan pote tèt a fis a wa yo.” Li te di yo: “Mete yo nan de pil nan antre pòtay la jis rive nan maten.”


Paske Jozabad, fis a Shomer a, avèk Yehozabad, fis a Schimeath a, sèvitè li yo, te frape li e li te mouri. Yo te antere li avèk zansèt li yo nan vil David la e Amatsia, fis li a, te devni wa nan plas li.


Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo, jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.


Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini.


Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite